Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
latizaymagazine.over-blog.com

Batbouch: Yon zèvda!  Yon listwa! Yon konba!

Batbouch: Yon zèvda!  Yon listwa! Yon konba!

 

Batbouch se yon kreyasyon Pierre Wilkens Cherismé, edisyon Freda gen poul soti nan pa lontan.

 

Atik sa ap eseye prezante Pierre Wilkens Cherismé. Yon Powèt militan epi pemye zèv literè li ‘‘Batbouch’’ ki se yon rekèy pwezi k ap gen pou l sòti nan jou k ap vini yo nan edisyon Freda

            Pierre Wilkens Cherismé se yon jenn atis kap evolye nan domèn literati. Li se yon powèt, yon militan angaje ki fèt site solèy nan lopital chansrèl epi ki grandi nan tibwa ak bèlè. Sa ki eksplike klè kou dlo kòk orijin sosyal li ki makonnen ak reyalite katye popilè yo. Wilkens grandi nan yon anbyans literè ak politik . Pakou literè li deplotonnen konsa , nan koumansman karyè  li, li te fè pati atizay dramatik nan teyat nasyonal, li te gen chans suiv yon fòmasyon atelye pwezi otobiyografik nan « centre D’art », li te fè pati komedyen CHAD nan dezyèm edisyon festival teyatrofili aprè li pase nan atelye Franck Fouché jouk li ateri nan Inivesite Leta dAyiti an (ILA), kote l t ap etidye nan fakilte syanzimèn (FASCH) syans ki rele sosyoloji an. Sa a ki vin bal plis zouti pou l konprann pi byen epi pozisyone l anndan reyalite sosyal ak politik andedan peyi an. Se menm chimen sa a ki trennen l marande aksyon l yo nan plizyè estrikti k ap batay pou byennèt moun nan peyi an. Li se yon manm aktif nan Sèk Janil (Ki plante pikèt li anndan ILA a), li se  manb nan mouvman libète ak egalite sou chimen fratenite tout ayisyen (MOLEGHAF, ki donnen kòl nan youn katye popilè nan vil pòtopwens lan). Cherismé itilize plizyè mwayen pou l fè militans, pou l denonse, pou l batay pou byennèt tabli anndan peyi an. Li itilize pwezi pou pèmèt kenpòt moun, kenpòt jenerasyon ki gen pou vini konpran n angajman l epi peripesi ak reyalite mas popilè an ap travèse. Li jwe teyat epi li toujou foule beton an nan ansanm manifestasyon popilè yo pou denonse epi mande bon jan kondisyon lavi pou mas la. Se ansanm pakou sa yo, depi lè l sòti anndan vant manman l, militan epi lanmou l pou  pwezi ak tout sa ki gen awè ak koze lakilti ki rive konstwi  moun li ye jounen jodi an. Yon powèt k ap pote yon diskou, ki marande tout aksyon l ak reyalite mas popilè yo, k ap chache denonse enpitine, zak koripsyon  elatriye, ki rive  mennen l akouche  Batbouch  . Yon zèvda ! Yon konba! Yon diskou ! .

 

Batbouch se yon rekèy pwezi Pierre ap gen pou sòti nan antre literè a nan mwa septanm  kap vini la ki Chita sou twa (3) wòch dife

  1. Denonse boujwa 
  2. Kapitalis
  3.  Anti-enperyalis 

 Nan rekèy sila  Cherisme  tante fè yon gwo travay  lenguistik ak kiltirèl  .Nan chak mo , nan chak fraz ak nan chak pwovèb li itilize, nan chak vè, nan chak rim, otè an chache  rete  kreyòl pi plis posib. Roniro Jean-Baptiste se non editè ki ekri prefas zèv la. Li rive montre nivo pwezi Powèt la nan twa (3 ) etap : Lanmou,  Angaje ak Sosyal .

1-Pwezi lanmou

« mw pa pè

Se vre mwen pa monseyè

Men

Kite mwen chante mes senkè pou chak dimanch maten  »

 

 

                                                                  2-Pwezi angaje

« mwen pa mayela

Mw pa estrera

Mezon blanch

Kouman m fè la ?

Ka lanbè ble

Politichien

Politik chien  »

 

3-Pwezi sosyal

« lasosyete manjem

Mw kwoke nan gòj limanite

Lasosyete vomim

Mw se yon kadav santi

K ap trenen mam gran chimen

Kote sivilizasyon jwen makout

Poul flankem  »

 

 

Pou yon pwezi k ap chache ranfòse angaje m chak grenn lektè nan nivo konsyans ak batay  . yon pwezi ki pa fèt pou bèl mo men yon pwezi vivan ki plen karaktè nan mòd Auguste Rodin .yon  batbouch. Se pou sa edisyon Freda ak Pierre Wilkens Cherismé ba nou  randevou nan mwa septanm kap vini la .Pa rate okazyon pou w vin achte rekèy la epi pou w vin sipòte jenn talan sa.

 

                                                                      

 

      

Paul-Arthur BRUTUS

brutusarthur93@gmail.com

 

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article